Gonore se yon maladi koze pa bakteri, Neyiserya gonoroeae.
Siy ak sentòm
Anpil moun pa genyen okenn sentòm. Si sentòm
parèt, nòmalman yo vini 2-7 jou aprè ekspozisyon
men li pran jiska 30 jou pou parèt vrèman.
Sentòm nan fanm enkli
Pèt nan vajen anòmal ak/oswa ogmantasyon nan pèt nan vajen
Sansasyon brili nan fè piti
Pipi dri
Doulè nan fè sèks
Senyen nan ant peryòd règ mansyèl
Iritasyon nan twou dèyè, sètadi: gratèl, li fè mal, doulè lè w ale alasèl ak/oswa senyen
Sentòm nan gason enkli
Pèt nan pijon
Sansasyon brili nan fè piti
Brili oswa gratèl otou twou pijon an
Tèt pijon an anfle oswa fè mal
Testikil fè mal oswa anfle
Iritasyon nan twou dèyè, sètadi: gratèl, li fè mal, doulè lè w ale alasèl ak/oswa senyen
Transmèt
Enfeksyon gonore transmèt pa:
Sèks vajinal, nan dèyè, oswa sèks sousad
Otoinokilasyon (dechaj gason ki enfekte oswa dechaj nan bouboun andedan twou dèyè yon fanm)
Manman ki enfektè pase sa bay tibebe pandan y ap akouche pa vajen
Konplikasyon / Konsekans yo
Si enfeksyon gonore an rete san trete ka lakòz pou:
Maladi anflamasyon nan matris
Esterilite
Gwosès deyò iteris (nan twonp)
Doulè kwonik nan matris
Plis chans pou trape enfeksyon VIH
Si enfeksyon gonore an rete san trete, pandan
gwosès ka lakòz pou:
Akouchman avan dat (prematire)
Pèt vizyon, enfeksyon nan jwenti, oswa yon enfeksyon maladi san ki tiye moun nan tibebe ki fenk fèt
Tretman
Tretman dwe enkli:
Antibyotik (pli komen sefiksim oswa setryakson) ke yon doktè preskri
Tretman apwoprye pou patnè a
Pafwa medikaman an pa ka geri enfeksyon an. Sa a se paske enfeksyon an ap vin rezistan oswa iminitè a medikaman an. Si medikaman pa ka geri enfeksyon an, se yon lòt medikaman nesesè.
Prevansyon
Abstinans sou kontak seksyèl
Tretman bonè pou STD (Maladi Transmèt Seksyèlman MTS)
Itilize kapòt (kondom) tout tan, epi korèkteman nan yon fason apwoprye lè w ap fè sèks nan vajen, nan dèyè, oswa sèks sousad sou pijon
Itilize kapòt (kondom) baryè tout tan epi korèkteman nan yon fason apwoprye lè w ap fè sèks sousad sou vajen oswa sou twou dèyè
Evite kontak seksyèl avèk yon patnè jiskaske tretman finn konplete
Rekòmandasyon pou anpeche pwopagasyon enfeksyon
Pran tout preskripsyon medikaman yo menm si ou sispann gen sentòm yo.
Notifye tout dènye sèks patnè yo si ou enfekte
Referans
↑Baarda, Benjamin I.; Sikora, Aleksandra E. (2015). « Proteomics of Neisseria gonorrhoeae: the treasure hunt for countermeasures against an old disease ». Frontiers in Microbiology6. ISSN1664-302X. doi:10.3389/fmicb.2015.01190; Access provided by the University of Pittsburgh.