ou kapab pataje konesans ou pandan w ap amelyore l (Kijan ?).
Reyon X se yon fòm radyasyon elektwomayetik envazif ki gen anpil enèji epi ki emèt nan kèk sibstans ki nan yon eta elektwon eksite.
Pwopryete
Istorikman, reyon X yo te konnen pou fè klere sèten kristal (flyoresans), yonize gaz ak enpresyone plak fotografik.
Pwopriyete prensipal yo nan reyon X yo se :
yo fasilman antre nan "matyè mou", sètadi matyè solid ki pa trè dans epi ki fòme avèk eleman lejè tankou kabòn, oksijèn ak azòt , epi yo fasilman absòbe pa "matyè di" (matyè solid dans ki fèt avèk eleman lou); se sa ki pèmèt imajri medikal (radyografi, eskanè, dansitometri zo) : yo pase nan kò a epi yo sispann nan zo yo ;
yo fasilman absòbe pa kouch lè trè epè ki konstitye atmosfè; an reyalite, teleskòp ak reyon X (ki detekte reyon X emèt pa zetwal yo) dwe mete nan satelit ;
lòd grandè longèdonn yo se distans ant atòm nan konpoze, difraksyon reyon X sou kristal ki konstitye metal yo oswa wòch yo eksplwate pou fè analiz chimik (mineralojik) : se teknik sa yo rele "]" ;
akoz enèji enpòtan foton yo, yo lakòz yonizasyon atòm yo, yo rele sa yo "reyònman yonizan" ; sa a bay fenomèn nan flyoresans X, ki itilize tou nan analiz chimik ; sepandan, yonizasyon sa yo gen yon efè danjere sou selil k ap viv yo.